mardi 24 mai 2016

Enose Sejour mouri sou champ batay

Enose Sejour 

Enose Sejour mouri sou champ batay, demen nap voye l ale an pè ak diyite.

Lè se pale anpil, tripotaj ak zen tout moun gen w bagay pou yo di.

Lè se lanmò yon militan konsekan ki mouri sou champ batay tout moun bèbè.

Map tann nou di "Nou pap Obeyi ankò pou m kouri dèyè n", lè m di anpil nan nou se blofè blofèz na konprann.

Nou Obeyi lè n kite lanmò Enose pase sou silans.

Nou obeyi lè n pa reponn a lapè l.

Pap obeyi pa dwe di nan bouch sèlman, men nan aksyon tou. Aksyon vo plis ke pawòl.

Map gade konbyen moun kap prezan demen nan antèman Enose la

Men lè ak Adrès la pou n pa di nou pat konnen:

Les funérailles de Madame Enose Séjour seront chantés en l'église Paroissiale de Ste Anne demain mardi à 7:00 heures du matin. L'exposition se fera à 6:00 à la même église. L'inhumation se fera au cimetière de Port-au-prince.

Paix à son âme!

Pou plis enfòmasyon kontakte Yvon Kernizan: 38869636


Aucun commentaire:

Publier un commentaire