mercredi 4 mai 2016

Nòt pou laprès


Nòt pou laprès

Depi  palman konteste a mete gouvènman sa an plas la li poko janm voye je gade moun ki pi pôv yo, ni montre gen yon bagay kap fèt pou ba yo espwa. Jounen jodi a, tout lopital piblik fèmen, depi twa semèn, pèsonèl tout kalite nan grèv pou egzije bon kondisyon travay. Doktè ap opere nan fènwa ak koukouy telefòn, menm yon gan se paran malad la ki pou pote’l. Mesye Privert, pase tout tan’l ap klewonnen pa gen lajan nan kès leta a. Men, chak jou l’ap nonmen ak enstale moun nan tout kò leta a, debloke milyon pou regle zafè palmantè ki poko janm gen tan, menm jan ak mesye Privert, pou voye je sou lòt kriz kap menase peyi a ni sou sou kriz nan lopital leta yo.

Pati FIZYON SOSYAL DEMOKRAT YO ap denonse konpòtman  gouvènman  an ki mete fokus sou kijan lap rive kenbe pouvwa pou lontan, pandan li pa fè anyen devan moun k’ap mouri nan lopital leta yo paske kondisyon materyèl yo pa ba yo dwa ale nan lopital prive. Malad yo bandonnen depi plis pase you mwa, pa gen dlo, pa gen dòtwa, pa gen kafeterya, pa gen kit ijans, yon lopital sal tankou peny ti dan, pa gen sekirite ...etc.  Kondisyon malad yo ap degrade chak jou pi plis. Sa’k vin bouske swen yo blije kase tèt tounen. Nou panko wè limyè solisyon pou kouch defavorize yo ki pa gen lòt opsyon ke lopital leta yo.

Sa montre aklè moun k’ap dirije’n yo pa janm panse yon jou sou kondisyon lavi pèp sa a, sitou sa ki pi mal yo. Nou konnen se yon eritaj, men nou ta montre nou konprann sityasyon moun sa yo ke nap pran tax sou do yo a pou fè yon kategori moun pran eskalye pou monte mach sosyal yo pa dis.

Grèv la touche Lopital Inivèsite Leta a an premye, li kontamine tout lopital piblik yo, tankou : Lopital Lapè,  Matènite Isaïe Jeanty, Lôpital Jistinyen Okap, nan lopital sa yo se malad ki pa gen lòt chwa ki blije rete ap soufri san pèsòn pa janm di yo pou kilè yo la.

Pati FIZYON SOSYAL DEMOKRAT yo ap mande gouvènman an pran responsabilite-l devan kalamite sa.  Nou mande pou otorite nan tèt leta-a jwen you mannyè pou elimine viris sa a nan fonksyònman lopital yo rapido presto. You mannyè pou sa ki pi pôv yo ka jwenn ti moso laswenyay.

Pati FIZYON SOSYAL DEMOKRAT yo ap mande gouvènman an poul ta komanse kek démach ki ta kapab mete prese prese you bout nan pwoblèm sa a tankou:

1-    Rankontre ak grevis pou dabo tande revandikasyion yo

2-    Diskite avèk yo sou kouman pou 2 pati you ka mete efò yo ansam pou jwen you bon jan solisyion

3-    Monte ansam you komite pou gere kriz la avek you selil ijans kap genyen you ti ekip ki gen  enfimyè avek lòt pèsonel ki enpotan nan fonksyionman lopital yo

4-    Bati ansam yon kalandrye sou tout desisyion kab mennen 2 pati yo nan yon solisyion tout bon

5-    Menm komite kap gere kriz la pwal asire swivi aplikasyion angajman 2 pati yo ap pran

6-    Komite sa fet poul genyen ladan-l represantan lopital yo avek represantan leta.

 Pou Direksyon Pati-an

Edmonde Supplice Beauzile
Presidente
Port au Prince, le 3 mai 2016

Christ-Roi Port-au-Prince, Haïti 
509-2811-7466
www.partifusion.ht
fusionhaiti@yahoo.fr

Aucun commentaire:

Publier un commentaire