lundi 13 mars 2017

Daniel Dareus écrit!



Jiskilè

Mwen pa ekri souvan men mwen gen kèk refleksyon kap wonje nanm mwen pandan ti kout pasaj mwen sou tè sa espesyalman kòm ayisyen kap viv sou ti bout tè peyi Ayiti.

Kilè nap konprann kiyès nou ye pèp ayisyen?

Kilè nap konprann kote nou soti epi ki kote nou prale?

Kilè nap konprann kouman pèp sa te pran nesans ?

Kilè nap konprann ki kalite sakrifis zansèt nou yo te fè pou retire chenn lesklavaj nan pye nou , kilè nap konprann pou nou pa bliye yo nan fason nou konpòte nou?

Kilè nap konprann ki kalite konplo ki mare sou tèt nou kòm pèp pou nou pa fè yon pa kita yon pa nago?

Kilè nap konprann kiyès ki veritab enmi pèp ayisyen an?

Kilè nap konprann kisa ki politik la vrèman epi ki mòd politik kont pèp la kap fèt an Ayiti ?

Kilè nap konprann poun sispann fè konfyans politisyen kap fè fo pwomès, machann peyi yo, patripòch yo ?

Kilè nap konprann pifò nan yo se reprezantan ansyen kolon nou yo ?

Kilè nap konprann pifò se tyoul swadizan boujwazi ayisyèn nan ?

Kilè nap konprann kisa ke nou rele boujwazi ayisyèn nan ?

Kilè nap konprann ke pi fò nan yo pa ayisyen?

Kilè nap konprann se yon ti kras pousantaj nan popilasyon ayisyèn nan yo reprezante ?

Kilè nap konprann se yo ki kenbe peyi a an otaj ak tout kalite magouy ak konplo yap fè sou do pèp ayisyen an ak kominote entènasyonal kap di yo se peyi zanmi Ayiti yo ?

Kilè nap konprann ke pifò politisyen yo se swadizan boujwazi sa ki finanse kanpay elektoral yo kidonk se yo kap koumande yo anba anba ?

Kilè nap konprann se ti ponyen fanmi etranje sa yo ki tabli an Ayiti ki kraze pifò estrikti nou yo ak konplisite kèk ayisyen nan nanm, san konsyans ?

Kilè nap konprann ki kalite edikasyon nou te resevwa sou ban lekòl an Ayiti epi ki kalite edikasyon pèpè pitit nou yo kontinye ap resevwa?

Kilè nap konprann ke se ansyen kolon nou yo ki ekri pifò liv nap etdye ladan yo ?

Kilè nap konprann poukisa yo pa anseye literati afrikèn nan okenn pwogram swadizan ministè edikasyon nasyonal mete sou pye poutan nou di nou se desandan afriken ?

Kilè nap konprann poukisa yo pa vle nou etidye potorik gason sa yo Cheikh Anta Diop, Théophile Obenga, Joseph Ki-Zerbo poun site sila yo sèlman, m pap sezi si anpil nan nou se premye fwa nou tande non moun sa yo ?

Kilè nap konprann poukisa se legliz katolik (F.I.C) sèlman ki te konn fè liv pou nou etidye yo ?

Kilè nap konprann poukisa yo pa dispanse kou sou oryantasyon pwofesyonèl nan klas tèminal nou yo ?

Kilè nap konprann poukisa leta ayisyen pa mete kòb disponib nan bidjè nasyonal la pou prete etidyan ki reyisi egzamen bakaloreya yo pou yo ka antre nan inivèsite oubyen yon lekòl pwofesyonèl alevwa pou sekte prive a?

Kilè nap konprann ki wòl relijyon jwe pou alyene epi zonbifye nou olye li libere nou tout bon sou ti bout tè peyi Ayiti sa ?

Kilè nap konprann se menm kolon katolik sa yo ki te konn ap tòtire zansèt nou yo nan koloni Sen Domeng nan poun travay epi adore Bondye Bon pa yo a ?

Kilè nap konprann ke se legliz katolik ki dyabolize kilti nou an ?

Kilè nap konprann kisa seremoni Bwakayiman an te reprezante nan lit pou retire nou anba grif kolon sa yo ?

Kilè nap konprann kiyès potorik gason sa te ye Doktè Daniel Mathurin ? epi kilè madanm li Ginette Mathurin ap di pèp ayisyen ki veritab koz lanmò sitwayen sa ki te konn ap eksplike nou gwo koze sou richès ak mistè peyi Ayiti ?

Kilè nap konprann poukisa pa janm gen yon plan devlopman nasyonal ki gen ladann plan pou devlope bon jan enfastrikti pou chak gran aks peyi a (Edikasyon, ekonomi, politik, sosyete, anviwonman, enèji, tourism, kilti elatriye…)

Kilè nap konprann ke medya an Ayiti pa sa nou panse epi nou wè yo ye a vrèman ?

Kilè nap konprann ke yo bay enfòmasyon sou mezi ? kidonk gen yon seri enfòmasyon yo pa bay se pou yo pa deranje ejemoni epi enterè gwo blan an Ayiti ?

Kilè nap konprann ke listwa toujou repwoduyi preske menm jan ?

Kilè nap konprann pèp ayisyen si nou pa mete tèt nou anssanm poun retire chenn yo mete nan lespri nou depi plis pase 200 lane a nap toujou rete menm jan nou ye a?

Kilè nap konprann se nou menm ki pou libere tèt nou se pa blan kolon kap vin ede nou libere tèt nou ?

Kilè nap konprann se pa nan pale anpil li pral fèt se nan bon jan mezi radikal paske nou gen plis pase 200 lane yap bann pawòl ?

Pèp Ayisyen, Pèp Ayisyen, Pèp Ayisyen

Reveye nou, Reveye nou, Reveye nou

Jou a la, Jou a la, Jou a la

Daniel Daréus
Ayisyen kap reflechi

Aucun commentaire:

Publier un commentaire