lundi 6 juin 2016

Nòt pou laprès Konbit pou di non ak rezistans patriyotik


KONBIT POU DI NON AK REZISTANS PATRIOTIK: FUSION, KONTRAPEPLA, RESPÈ, AKAO, ASO, VEYE YO

Nòt pou laprès

Konpatriyòt,

Nou la jodia pou nou di nou resevwa ak satisfaksyon men sitou ak pridans, rezilta travay komisyon endepandan evalyasyon ak verifikasyon eleksyon 2015 yo. Prensipal regrè ke-n genyen sèke pou rezon ke yo sèl konnen, mamb komisyon yo chwazi pa itilize men-m teknik yo pou evalye eleksyon 9 daout yo, yon atitid ki kontrè ak manda ke dekrè ki te kreye Komisyon an  te bali. Sa kreye gwo konfizyon nan jan yap analize rekomandasyon yo. 

Nou  alafwa tris e satisfè paske pifò enfòmasyon nou te genyen ak obsèvasyon nou te fè yo te deja montre nou gouvènman Martelly-Paul la ak KEP Opont an te mare sosis yo pou ban nou yon maskarad pou eleksyon. Moun sa yo ta dwe jije pou krim kont Nasyon ak Pèp Ayisyen an.

Komisyon verifikasyon mesye François Benoit t’ap dirije a te al fouye zo nan kalalou, al foure je gade pi fon kote li dekouvri tout kalite dezòd ki fèt nan pwosesis elektoral sila a ;

Lè yo gade byen (nan linèt Dekrè Elektoral la, nan atik 171.1), 91% bilten vòt yo te konte yo pat respekte règ jwèt la, sa vle di yo pa’t bon, yo pa’t dwe konte yo. Se sèlman 9% ki te nòmal. Kidonk, de ki eleksyon y’ap pale la a ?

Nou kapab di se yon gwo kokenn operasyon vòl ak frod ki te fèt pou distribye pòs elektif bay moun pèp la pa’t vote ;

Rapò teknik Komisyon verifikasyon an rekòmande (nan paj 30 denye paragraf la) pou yo ta refè tout pwosesis elektoral la. Sa vle di, tout eleksyon ki te  fèt nan ane 2015 la soti nan legislativ pou rive nan eleksyon meri  ak prezidansyel yo;

Nap Veye, paske nou konnen genyen moun ki pral eseye tòdye rézilta rapò sa a pou fè l’ di sa l’ pa di, e kap kontinye piblye rezilta eleksyon minisipal ke menm misye Opon limenm te pè pibliye ;

Nap Veye paske nou wè Mr. Privert  remèt rapò a bay yon KEP-Berlanger ki te di li pa oblige okipe rekòmandasyon k’ap soti nan rapò Komisyon verifikasyon an;

Nap Veye paske nou poko wè Mr. Privert ap pran reskonsabilite’l pou’l fè suivi ak rekomandasyon Komisyon li te ede li menm monte a, kote li te pran angajman pou’l te respekte tout sa ki tap soti nan rapò komisyon sila a ;

Nap Veye  paske nou wè rapò sila sòti pandan n’ap konstate M. Privert  ap konte jou pou remèt mayèt la ;
Nou revolte paske genyen yon bann «mal elu » ki te gentan rele tèt yo senatè ak depite ki anvayi palman an ;
Nou revolte paske nou konstate genyen, yon KEP Berlanger ki kontinye ap pibliye fo rezilta eleksyon minisipal,  epi  ki gen yon mache prese nan monte  kalandriye elektoral;

Fas a sitiyasyon sa a ki menase estabilite ak lapè nan peyi a, nou menm òganizasyon politik ak sosyete sivil ki reyini jodia, nou mande pèp ayisyen an pou li rete tèt frèt. Nou pral travay pou nou jwenn yon bon jan antant pou nou ka soti nan sitiyasyon malouk sa a epi retounen nan konstitisyon an.

Nap mande tout sektè, tout moun, mete dlo lan diven yo pou yon gwo chita pale, nan mitan fòs sosyal ak politik peyi a pou nou soti ak yon konpwomi politik  ki pi pre Konstitisyon an kote se peyi Dayiti nou mete devan, kidonk se nou tout kap genyen. Konpromi sa ki pou mennen nou nan yon tranzisyon tout bon ak refòm enstitisyonèl, sitou refòm sistèm elektoral la pou bonjan eleksyon rive fèt nan peyi a, pou nou rantre nan yon devlopman dirab, pou demokrasi blayi, pou yon bon jan refondasyon nasyon an.

Li lè li tan pou nou sispann chirepit nan peyi a. Sa fè plis pase 30 lane nap virewon pou nou reyalize yon tranzisyon tout bon vre. Divès vye rezon ak rayisab fè nou paka rive fè sa. Jodia se pou nou transfòme tout malè sa yo an bon jan opòtinite. Nou dwe jwenn yon fòmil ki rasamble tout pitit peyi a,

N’ap mande swadizan zanmi kominote entènasyonal yo, sispann foure bouch nan zafè nou, kite nou regle zafè peyi nou antrenou. Fòk yo dakò jodia yo se yon n nan responsab tèt chaje ak kriz ki blayi nan peyi a. Nou vle fè KEP Berlanger a konnen nou p’ap sòti nan kriz pou nou kouri tèt bese nan eleksyon bouyi-vide ankò pou nou tonbe nan yon lòt kriz. Kidonk Kalandrye nou bezwen se sak kap pèmèt yo mete Rekòmandasyon Komisyon an aplikasyon.

Pòtoprens, 6 jen 2016

Gwoup Ki siyen :

Fusion
Respè
Kontrapepla 
Veye yo, 
Aso
Ako

Aucun commentaire:

Publier un commentaire